Fondasyon Wikimedya — Wikipedya
Aller au contenu
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Fondasyon Wikimedya
Logo Fondasyon Wikimedya
Domèn:
Konesans Lib
Fondatè li
Jimmy Wales
Enfòmasyon
Dat fondasyon
:?
Zòn fonksyònman
:?
Peyi fondasyon
:Li fonde ki kote
Syèj
: San Fransisko
Fondasyon Wikimedya (Wikimedia Foundation, Inc.)
se yon òganizasyon san bi likratif. Se lwa Eta
Florid
Ozetazini
ki gouvène li. Li responsab pou santralize kèk bagay nan zafè administratif
mouvman Wikimedya
. kòm yon antye. Egzistans ofisyèl li te anonse
20 jen 2003, pa
Jimmy Wales
, ko-fondatè
Wikipedya
Wikimedia Foundation, Inc. se yo òganizasyon ki òganize ansiklopedi
lib Wikipedya
, men tou pwojè Wiktionary, Wikiquote, Wikibooks, Wikimedia Commons, Wikisource,
Wikispecies
, Wikinews, Wikiversity, Wikivoyage , ak Wikidata, tout sèvi ak platfòm lojisyèl kolaborasyon MediaWiki.
Objektif
modifye
modifye kòd
Objektif Fondasyon Wikimedya
se ankouraje kwasans ak devlopman pwojè ki genyen konesans ki baze sou prensip wiki, epi distribye kontni an piblikman e gratis.
Asosyasyon an pa gen pwofi a genyen tout sèvè pwojè Wikimedya yo òganize, enstale
Ozetazini
Peyiba
ak
Sengapou
Fondasyon Wikimedya posede anpil non domèn, dwa sou logo ak kèk non mak.
Itilizatè yo ak patisipan nan pwojè Wikimedya yo ka rankontre nan konferans anyèl entènasyonal Wikimania.
konsèy Administrasyon an
modifye
modifye kòd
Nan mwa janvye 2004,
Jimmy Wales
te nonmen
Tim Shell
ak
Michael Davis
kòm manm konsèy administrasyon8 Fondasyon Wikimedya. Nan mwa jen 2004, yon eleksyon te fèt nan kominote yo nan divès pwojè yo eli de (2) manm adisyonèl. Apre yon mwa nan kanpay, apre yon eleksyon ki te fèt sou entènèt pou de semèn,
Angela Beesley
ak
Florence Devouard
te eli nan konsèy la, kòm reprezantan tout patisipan yo nan divès pwojè Wikimedia yo. Tou de te reeli nan mwa jen 2005. Nan dat 28 oktòb 2006, Florence Devouard te eli Prezidan Konsèy Administrasyon an. Li te ranplase nan dat ki te 17 jiyè 2008 pa
Michael Snow
, yon avoka Alman. An 2009,
Matt Halprin
te nonmen kòm nevyèm manm Konsèy la apre yon don de milyon dola nan men
Omidyar Network
. Konsèy administrasyon Fondasyon Wikimedia te pwolonje manda li pou yon ane.
Kreyasyon
modifye
modifye kòd
òganigram (janvye 2008).
Non "Wikimedya" te pwopoze nan mwa mas 2003 pa
Sheldon Rampton
. Jimmy Wales te fè anons kreyasyon Fondasyon Wikimedya nan mwa jen 2003 ak deklarasyon sa yo:
“Mwen kontan anonse fòmasyon Wikimedia Foundation Inc., yon òganizasyon san bi likratif ki gouvène pa lwa
Florid
Etazini
. Mwen transfere sa a byen sa yo pou nouvo òganizasyon sa a
Tout non domèn Nupedia.com/net/org/elatriye.
Tout non domèn Wikipedia.com/net/org/elatriye.
Tout
pou lojisyèl oswa atik ki te deja posede pa
Bomis
, Inc. epi ki deja anba yon lisans "
copyleft
" (Sa gen ladan l travay ki fèt sou kontra pa Jason, Tim, Larry, Toan, Liz, ak mwen menm, ansanm ak lòt anplwaye Bomis ki te travay sou pwojè sa yo pandan travay yo, men li pa antre ladan l travay ki fèt andeyò lè travay yo oswa lè yo pa te anplwaye pa Bomis. )
(Tout sa yo te deja gen lisans anba
GNU GPL
oswa
GNU FDL
, kidonk sa a se jis yon fòmalite. Men menm lè sa a, nou vle bay yon bon egzanp. .)
Anplis de sa, mwen bay tout rezilta travay pèsonèl mwen ki gen dwadotè ki deja gen lisans
GNU GPL
oswa
GNU FDL
, pou
Wikipedya
ak
Nupedia
nan Fondasyon Wikimedya.
Opinyon Piblik
modifye
modifye kòd
Komite Sipèvizyon ak Refòm Gouvènman Kongrè Etazini an te louvri yon ankèt sou operasyon Wikipedya an Septanm 2025. Inisyativ la te kòmanse pa de reprezantan Repibliken, ki te eksplike aksyon yo nan yon lèt Kongrè a te voye bay Fondasyon Wikimedia a. Ankèt komisyon an gen pou objèktif pou egzamine "efò antite ak moun etranje nan enstitisyon akademik ki finanse pa lajan kontribyab ameriken pou enfliyanse opinyon piblik ameriken an".
Pwojè
modifye
modifye kòd
Logo diferan pwojè yo.
Logo
Pwojè
Deskripsyon
Dat kreyasyon an
Wikipedya
Ansiklopedi
15 janvye 2001
Meta-Wiki
Wiki dedye a kowòdinasyon pwojè Wikimedya
9 novanm 2001
Wikisyonè
Diksyonè ak tezoris
12 desanm 2002
Wikiquote
koleksyon quotes
27 jen 2003
Wikibooks
Ansanm tèks didaktik
10 jiyè 2003
Wikisource
Koleksyon tèks domèn piblik
23 novanm 2003
Wikimedia Commons
Bibliyotèk miltimedya
7 septanm 2004
Wikinews
Sit entènèt enfòmasyon
desanm 2004
Wikiespès
Anyè moun k ap viv la
out 2004
Wikimania
Konferans Entènasyonal Anyèl
out 2005
Enkibatè
Kominote lengwistik
jen 2006
Wikivèsite
Kominote edikasyon
desanm 2006
Wikivwayaj
Gid vwayaj
oktòb 2012
Wikidata
Baz done
novanm 2012
Òganizasyon lokal yo
modifye
modifye kòd
Chema òganizasyon nan kòmansman 2013.
Fondasyon Wikimedya reyini ansanm yon rezo entènasyonal òganizasyon ki se asosye, ki rele
chapit lokal yo
Yo menm yo pa jere pwojè Fondasyon Wikimedya yo, kidonk yo pa gen okenn pouvwa pou kontwole sit sa yo men yo travay pou sipòte diferan vèsyon lang yo.
Gade tou
modifye
modifye kòd
Nòt ak referans
modifye
modifye kòd
WIKIMEDIA FOUNDATION, INC.
sunbiz.org
État de Floride
. Retrieved
2020-06-12
Annonce de la fondation de la Wikimedia Foundation
(en anglais)
La Wikimedia Foundation fait précéder son nom de l'article «
la
» sur la
version francophone
de sa page de questions fréquemment posées.
en
Objectif de l'association
en
Sèvè Wikimedya
à commencer par ses 12 projets majeurs, incluant
Wikipédia
Lyen deyò
modifye
modifye kòd
(en) Sitwèb ofisyèl
Rekipere depi «
Kategori yo
Modèl
Wikimedya
Fondasyon Wikimedya
Ajoute yon sijè